Mackenson e Vanessa
Massé
te vini Amerika lè yo te gen
sèt an. Yo te leve ap gade paran
yo lite pou yo ka aprann Anglè, men
paske pa’t gen ase resous yo te oblije
fè travay ki pa’t peye byen.
Anpil Ayisyen ki fèk sòti
Ayiti fè eksperyans sa yo, plizyè
fwa yo dekouraje e yo panse li twò
ta oubyen twò difisil pou yo ka aprann.
Pale Anglè a reyèlman enp?tan
pou Ayisyen k’ap viv nan Amerika aprann
pou yo ka kontinye fè pwogrè
nan peyi a. Se rezon sa a nou te kreye Palé
NOW! Nou vle bay tout Ayisyen ki ta renmen
pale Anglè yon opòtinite pou
yo ka kòmanse aprann. Timoun ansanm
avèk granmoun ka itilize Palé
NOW!, epi li ka yon benefis pou Ayisyen
k’ap viv Ayiti ki ta renmen kòmanse
pale Anglè tou. Nou swete Palé
NOW! ka ede pèp Ayisyen yo nenpòt
kote yo ye e ka ankouraje yo nan nepòt
sa y’ap fè. Mèsi.